Biyografi

Gonaïves, Haïti, 1949

Cap-Haïtien, Haïti, 1957

Port-au-Prince, Haïti, 17 mars 1900 - Pétion-Ville, Haïti, 20 mai 1953

Please reload

Claude DAUPHIN (Gonaïves, Haïti, 1949)

 

Tèks sa soti anba plim Claude Dauphin, mizikològ  fondatè SRDMH. Li te ekri l’ nan okazyon konsè avril 2014.

 

 

Claude Dauphin fèt nan vil  Gonayiv nan lane 1949. Se yon konpozitè nasyonalis nan peryòd  ki pote non «  nouvelle ère  . Men li se sitou  yon mizikològ. li te fè etid mizikal li nan ansyen lekòl  nòmal  pou mizik ki chita nan vil wesmont , nan inivèsite Kebèk Monreyal ak nan Akademi Frantz Liszt  , Budapest,  kote li fè doktora l’.

 

Gen de pyès sou yon douzen nan opus li an ki te sanble atire atansyon piblik la ak entèprèt yo poutèt yo reprezante yon chwa ekzijan.  Pyès sa yo se : les contes sans paroles pou pyano, ak kwatyò pou kòd ke yo te jwe plizyè fwa.  Robert Grenier ki se editè kwatyò sa a deklare ke orijinalite zèv sa soti nan fason konpozitè a trete ide nasyonalizasyon mizik  la ki  pa sanble ditou ak apwòch lòt  konpatriyòt mizisyen li yo. Nan pyès sa a, Claude Dauphin fè rantre soti ant stil eworeyen ak motif ayisyen san li pa montre preferans pou youn nan de enfliyans sa yo. Anplis de apwòch entèlijan sa a ,  Dauphin pote nan katriyem mouvman an  yon bèl efè (bravura)  . Se mouvman sa a ki pi frapan. Li pote yon nouvote nan jan konpozitè a deside adapte yon melanj plizye enfliyans (Bach, Bartók, Berg, Schœnberg, Debussy, Villa-Lobos et Messiaen)  ke li rive chita nan kontèks mizikal ayisyen.

Gifrants (Kap Ayisyen, Ayiti, 1957)

Tèks sa soti anba plim Claude Dauphin, mizikològ  fondatè SRDMH. Li te ekri l’ nan okazyon konsè avril 2014.

 

 

Gifrants fèt nan vil kap ayisyen, nan lane 1957. Lap konpoze mizik nan peyi Etazini kote lap viv. Li swiv tras lekòl  nasyonal ayisyen ki ekziste depi 1905 e ki senbolize yon volonte pou kenbe vivan flanm ekspresyon peyi a menm nan dyaspora a.

 

Gifrants aprannn mizik pou kò l’.Apwòch pa li  chita sou eksperyans mizik popilè ak jazz epi sou enfliyans ritm ki sòti nan peyi Brezil. Li rekonèt ke demach mizikal sa a se yon enfliyans Gerald Merceron ke li chwazi kòm yon modèl. Gifrants gen aspirasyon pou l’ ensere nan mizik klasik, mak fabrik rasin ke nou rejwenn nan mizik riral ak mizik moun lavil danse nan peyi Dayiti.

 

« Dyalòg » ak « Pasyon fou »  se dezyèm ak katòzyèm pyès pou kwatyò a kòd ki rele PA AMOU. Se de pyès otonòm , ki pa antrekoupe nan mitan ak mouvman kontras. Gifrants gen anpil enspirasyon e li pwodi anpil mizik. Li se otè 7 gwo rekèy pyès ki ekri pou fòmasyon chanm oubyen okès.

Tèks sa soti anba plim Claude Dauphin, mizikològ  fondatè SRDMH. Li te ekri l’ nan okazyon konsè oktòb 2013.

 

 

Se yon konpozitè ki anrichi patrimwan peyi l’ ak divès gwo kalite zèv orijinal. Nou rejwenn enfliyans zèv li yo nan travay kreyatè nan mizik klasik ayisyen an.

 

Papa l’, Anton, te soti nan peyi Almay. Li te marye ak manman l’ Maria Tippenhauer, yon ayisyen ki te gen san alman nan venn li tou. Daprè pwòp pawòl Werner Jaegerhuber se grann li Betsy Foucher ki te reveye konsyans li sou mitoloji vodou ki se prensipal sous enspirasyon mizik li yo. Li te etidye konpozisyon nan konsèvatwa Voigt nan vil Hambourg soti nan lane 1915 pou rive nan lane 1922.

 

Li te kanpe etid li yo pou li te rantre an Ayiti pandan kèk mwa. Li te retounen viv an Ayiti an 1937 aprè li te fin mennen yon vi pwofesyonèl entans, ki te chaje avni nan mitan meyè enstitisyon mizikal ki te chita nan nò peyi Almay. « Trois scènes historiques » se yon pyès li te konpoze nan okazyon desantyèm lane vil Pòtoprens ki te fonde an 1749, nan peryòd la koloni. E se nan mwa novanm 1949 li te acheve ekriti patisyon zèv sa.

 

Zèv sa se yon cantante mitolojik. Li prezante twa tablo ki raple ki jan peyi Dayiti vin gen moun nwa :

 

1. « L’arrivée » relate depòtasyon nèg soti an Afrik  pou rive nan ansyen koloni ki te pote non  Sendomeng nan dizwityèm syèk la. Sèn nan dekri soufrans ki soti nan derasinman sa a ak move kondisyon transpòtasyon  moun  tankou machandiz anba kal negriye.

 

2. « L'esclave » fè nou sonje jis nan ki pwen yo te konn itilize èsklav yo kòm  enstriman pou pwodiksyon byen ak plezi malgre konsyans yo te anvayi ak santiman lamou , malgre tout aspirasyon yo pou lajistis ak diyite.

 

3. « L’homme libre » se selebrasyon leve kanpe kont opresyon, maspinay libète. Li fini ak yon ekzaltasyon ekimenik kote solis la ak tout koral la ap envoke lwa yo ansanm ak Bondje jideokretyen yo.

 

Cantante sa ki jwe yon wòl  anonim sof nan dezyèm sèn nan ki pote non Neila. Li senbolize istwa pèp ayisyen, depi nan dekadans li pou rive nan rejeneresans li , soti nan lamò pou  rive nan rezirèksyon. Li montre enpòtans lespwa kòm mobil pou aktive reyalizasyon anpil eksplwa lòm  sou latè.

 

Werner JAEGERHUBER (Pòtoprens, Ayiti, 17 mas 1900 - Petyonvil, Ayiti, 20 me 1953)

 

    430 rue Sainte Hélène, Bureau 405, Montréal (Québec) H2Y 2K7
    Tél : 514-845-0880 – info@srdmh.com

    • Facebook Social Icon
    • Twitter Social Icon
    • YouTube Social  Icon