top of page
Konsè
 

SRDMH pwodi nan kad reyalizasyon objèktif kiltirèl ak edikatif li,  konsè mizik klasik ki soti nan enspirasyon konpozitè ayisyen, karayibeyen  elatriye. Li pwograme tou, konsè mizik klasik inivsèl ki rantre nan repètwa yon entèprèt ayisyen oubyen ki pèmèt mounn konprann evolisyon mizik ayisyen an pi byen. kosè sa yo reyalize ak patisipasyon entèprèt yo chak fwa kolaborasyon an pèmèt yon pi gran difizyon zèv nan repètwa a.

Sant dokimantasyon
 

SRDMH gen manda pou li devlope yon sant dokimantasyon ki anglobe tout kategori mizik ayisyen ak antiyè. Se konsa li rive mete sou pye yon Kolèksyon ki rasanble pi rich varyete patisyon, monografi ak bann sonò  ke nou janm genyen, ki  rasanble plis pase 5000 tit.  Anpil nan tit sa yo se patisyon mizik klasik peyi Dayiti ak kiba. Se laboratwa rechèch sou « musique du monde »  ki konsève tout kolèksyon an depi oktòb 2012 .

Fon achiv sa a pèmèt SRDMH reyalize konsè , ouvri pòt li bay chèchè epi soutni edikasyon mizikal an Ayiti. Gras a aksyon sa a New Grove Dictionary of Music and Musicians (éd. 2001) rekonèt dorenavan ekzistans yon mizik klasik ayisyen pandan li konsakre yon atik ki rele Haiti : art music ( ki soti anba plim Robert Grenier) nan klasifikasyon pa l’ ke tout moun rekonèt.

Kominikasyon
 

Èske w’ swiv enfomasyon sou facebook konsènan pwochen konsè nou yo ?  Nou pibliye regilyèman foto, atik ak enfòmasyon sou atis ak konpozitè ayisyen e nou difize èspesyalman sèten videyo konsè ak repetisyon.

bottom of page